SESSION 6 – haitian kreyòl

Michel DeGraff, Mariana Past, Jacques Pierre

MODERATED BY christina mobley

Kolon yo te fè sa pou yo te foure lide pa yo, lang pa yo nan tèt esklav afriken Sendomeng yo. Men esklav yo bay kolon yo payèt. Yo pran lang kolon yo, yo plòtonnen l nan yon pakèt lang afriken epi yo mete kreyòl kanpe. Yo pran relijyon kolon yo, yo vlope l ak relijyon pa yo epi yo mete vodou kanpe… Se sa ki fè anpil move je pa vle wè ni kreyòl ni vodou. Atansyon, se pa pran m ap pran ni pou kreyòl ni pou vodou. Nanpwen lang ki miyò pase lòt. Ti zòrèy natif natal ranje kò yo pou bay pèp la manti nan bon jan kreyòl. Nanpwen relijyon ki miyò pase lòt. Zòt sèvi ak vodou a tou pou monte sou do ayisyen. Men vle pa vle, kreyòl ak vodou se de premye gwo batay travayè sou tè d Ayiti genyen sou kolon etranje. [….] Lapawòl se youn nan dwa tout moun ak tout fanm fèt avè l. Se dwa pou di: « Bonjou kòmè », pou kòmè di: « Kouman ou ye ? ». Se dwa pou reponn ak lajwa: « Pa pi mal non, makòmè, men si nou met ansanm lajounen demen va pi bèl ».
– Michel-Rolph Trouillot,  Ti dife boule sou istwa Ayiti 

*     *     *

Michel DeGraff, born in Haiti, is Professor of Linguistics at MIT, director of the MIT-Haiti Initiative, and one of the founding members of the Akademi Kreyòl Ayisyen. The main focus of his work is on Creole languages, especially Haitian Creole (known as “Kreyòl” in Haiti). The results of his research have shown the fundamental ways in which Creole languages are structurally and developmentally on a par with non-Creole languages, not withstanding hard-to-die “Creole Exceptionalism” dogmas, so rooted in (neo-)colonial systems of power/knowledge. In this vein, DeGraff’s (meta-)linguistic analyses suggest that too many linguists and non-linguists, including intellectuals, educators, policy makers and political leaders, have misrepresented or misunderstood the crucial importance of Creole languages for the wellbeing, human rights and viability of Creole speakers and their communities. His research is coupled with a broad vision for the incorporation of Kreyòl, alongside modern pedagogy and technology, as three essential tools (“twa wòch dife”) for sustainable development, equal opportunity, social justice and dignified citizenship for all in Haiti. This vision is at the core of the MIT-Haiti Initiative which he directs, toward improving Science, Technology, Engineering & Mathematics (STEM) education in high schools and universities in Haiti. For more details on DeGraff’s biography and research, see http://mit.edu/degraff and http://haiti.mit.edu.

Konsènan wòl kreyòl ak vodou nan liberasyon pèp ayisyen, pawòl M. R. Trouillot sa yo nan “Ti dife boule sou istwa Ayiti” se payèt vre.  Jounen jodi a, payèt sa yo enpòtan anpil dèske toujou gen twòp dirijan ak entelektyèl kolonize ki genlè vle n bliye istwa d Ayiti lè y ap antre nan divès kalte demagoji ak pwosesis alyenasyon nan dosye lang ak edikasyon.  Genlè dirijan ak entelektyèl sa yo panse popilasyon an soufri “maladi je pete”.  Nou ka wè sa lè y ap bay franse priyorite devan kreyòl oswa lè y ap defann sa yo rele “parite lengwistik” ant kreyòl ak franse oswa lè y ap denigre vodou kòm ki dirè vodou se “zafè satan” k ap bloke Ayiti nan iyorans, sou-devlòpman ak apated.

An n gade twa enstitisyon ki ka sèvi egzanp pou sa M. R. Trouillot te rele “move je ki pa vle wè kreyòl”: 

  1. Inivèsite Leta d Ayiti, ki anba lidèchip yon Akademisyen nan Akademi Kreyòl Ayisyen, se an franse sèlman yo pibliye pifò kominikasyon ki an rapò ak fonksyònman e administrasyon inivèsite a
  2. Ata Ministè Edikasyon Nasyonal, ki siyen pwotokòl akò avèk Akademi Kreyòl Ayisyen pou itilizasyon lang kreyòl la kòm lang pou edikasyon ak administrasyon, se toujou an franse yo pibliye pifò dokiman ofisyèl sou sit entènèt Ministè a
  3. Ata “Office de la Protection du Citoyen”, ki dwe pwoteje dwa tout sitwayen ann Ayiti, ap plede vyole dwa sitwayen sa yo lè y ap pibliye pifò dokiman ofisyèl yo an franse sèlman. Sa tou se yon vyolasyon dwa sitwayen yo ki ta dwe resevwa bon jan enfòmasyon, nan bon ti mamit, nan tou lè 2 lang ofisyèl peyi a.

Kalte baboukèt sa yo sou lang kreyòl la, nou jwenn yo tout kote nan sosyete a: nan sistèm edikasyon, administrasyon, gouvènman, jistis, laprès, elatriye. Sa montre nou ki jan entelektyèl ak dirijan nou yo toujou angaje nan yon kanpay neyo kolonyal k ap “fèmen lapawòl nan bouch popilasyon an.”  Jan M. R. Trouillot te esplike:  “Fèmen lapawòl se fèmen refleksyon. Fèmen refleksyon se fèmen libète.”

Ki vle di: Toujou gen dirijan ak entelektyèl ki genlè derefize konprann, oswa yo vle n bliye, done istorik fondamantal sa yo ki nan analiz M. R. Trouillot a:  Lang kreyòl la ansanm ak relijyon vodou a te pran nesans anba la koloni lè kolon yo te vle “foure lide pa yo, lang pa yo nan tèt esklav afriken Sendomeng yo” epi “kreyòl ak vodou se de (2) premye gwo batay travayè sou tè d Ayiti genyen sou kolon etranje”. 

M. R. Trouillot te gen rezon e se sa pou n pratike kòm “nouvo metòd” nan Etid sou Ayiti:  Lang nou ak tradisyon nou ka ede mas pèp la jwenn la viktwa nan Batay Vètyè 21èm syèk la kont sistèm neyo kolonyal la ansanm ak dominasyon sosyal, ekonomik e politik.  Se kon sa pou n rive libere tèt nou anba bòt kolonizasyon modèn kote se chenn nan sèvo ki ranplase chenn nan pye.  Pou sa rive fèt, fòk nou byen analize sistèm sosyal e jeyo politik sa yo k ap plede derefize bay ni kreyòl, ni vodou, ni lòt aspè nan kilti nou (ata tanbou boula sa a ke blan te vòlè mete nan British Museum) okenn wòl “lejitim” nan edikasyon, devlòpman ak dwa moun ann Ayiti. 

Erezman, nou gen yon nouvo jenerasyon jèn filozòf, sosyològ ak atis tankou Fabian Charles ak Kebert Bastien (pami anpil lòt jèn entelektyèl militan) k ap analize sistèm sa yo ki kreye diferans ant sa ki “lejitim” ak sa ki pa “lejitim” nan peyi d Ayiti.  Selon analiz sa yo, li enpòtan pou “nouvo metòd” nan Etid sou Ayiti (kit se metòd nimerik, kit se metòd nan òganize ak entèprete achiv sou papye, kit se metòd nan ranmase done sou tradisyon peyi a, elatriye) sèvi lajman laj ak lang kreyòl la ansanm ak tout lòt tradisyon kiltirèl ki ka retire baboukèt nan refleksyon ak espresyon volonte politik popilasyon an.

Kesyon pou nou menm nan konferans lan konsènan pawòl M. R. Trouillot sa yo, nan Ti dife boule sou istwa Ayiti, gen 2 lòt dimansyon: 

  1. Se ki jan nou pral retire baboukèt sa yo ki bloke lapawòl ak refleksyon pami majorite sa a kote kreyòl la se sèl lang ki rele Ayisyen chè mèt chè metrès?
  2. Èske ipotèz M. R. Trouillot sou orijin ak fòmasyon lang kreyòl la konfòm ak done istorik e analiz lengwistik ke n genyen sou lang kreyòl la jounen jodi a?  Ki sa ipotèz sa yo, ak lòt ipotèz ki mèmman parèyman, ka montre nou sou relasyon ant kreyasyon konesans ak militans politik?

Mariana Past is Associate Professor of Spanish and Latin American, Latino, and Caribbean Studies at Dickinson College. Twentieth-century Spanish and Francophone Caribbean literature is her area of concentration, and her current projects focus on Haitian-Dominican relations and representations of the Haitian Revolution in both literary and historical texts written in Spanish, French, and Haitian Creole. She has published translations of poetry and prose in Sirena: poesía, arte y crítica (in English and Spanish), Metamorphoses (French to English), and Transition (Kreyòl to English), as well as critical essays about 20th-century representations of the Haitian Revolution and Haitian-Dominican relations in the Revista de la Casa de las Américas, the Global South, the Journal of Haitian StudiesPALARA, and Del Caribe.

Originally published by Edisyon Lakansyèl in 1977, Ti difé boulé sou istwa Ayiti offers bold “new narratives” of Haiti to readers of all backgrounds. Trouillot’s first book was a call to action in the depths of the Duvalier regime, and his words – in any language – remain a call to action now, as discourses about Haiti have taken a particularly noxious turn. Ti difé boulé retells the story of the Haitian Revolution, underscoring the contributions of the Haitian people in the still incomplete struggle for self-determination. By publishing in Kreyòl at a time when most Haitian intellectuals wrote in French, Trouillot validates Haiti’s indigenous language and implicitly advocates for effective education and unbound communication as basic human rights, tools for moving society forward. Arguably, Kreyòl and Vodou are a vital and vibrant part of America’s heritage; Ti difé boulé posits them as central coherencies underlying Haitian culture. “Born in struggle” and “baptized in fire,” they bear the hallmarks of resistance within an oppressive colonial framework. Trouillot equates Vodou and Kreyòl with community, solidarity, smart strategy, and Haitian agency, juxtaposing them with ineffectual French customs, language and bureaucracy. Ti difé boulé breaks down national myths surrounding revolutionary icon Toussaint Louverture, exposing his manipulation of Vodou and selling-out of fellow Haitians. With an ideology epitomizing the nascent yet predatory Haitian state, Louverture began exploiting the people as a matter of course. Of course, predatory leaders have no national boundaries. Today, Vodou and Kreyòl have come increasingly under siege following external interventions to ostensibly “natural” disasters in Haiti. Artist/writer Frankétienne voiced fears of fundamentalist Protestants and other NGOs threatening Vodou through efforts to capitalize upon the devastating 2010 earthquake, or “capitalisme sauvage” (Patrick Bellegarde-Smith); Robert Fatton recently described Haiti as “trapped in the outer periphery.” Some may say that is too harsh, and some may say it is overly optimistic to think Ti difé boulé signals important paths forward. But just as Trouillot blended academic and popular registers, insisting upon multiple meanings and interpretations, we—a community of scholars, activists, artists, and other learners, from varying backgrounds—can insist upon new narratives for Haiti and continued advancement of Kreyòl. What approaches and platforms are most effective for articulating informed and nuanced understandings of Haiti and Haitians?

Jacques Pierre is currently a Lecturing Fellow in French, Haitian Creole and Culture in the Department of Romance Studies at Duke University and Core Affiliated Faculty in the Haiti Lab. Before joining Duke University, he was a Visiting Lecturer in Haitian Creole and Culture at Florida International University. In addition, he has been coordinating the Haitian Summer Institute at Florida International University for four years. He was trained as a lexicographer at Indiana University and worked for six years as an Assitant Editor on the Haitian Creole-English Bilingual Dictionary (2007). His research interests are: “The basilectal vs the acrolectal forms of Haitian Creole in Haitian Movies,” “The coexistence of French and Haitian Creole in Haitian movies,” and “Literary Translation in the context of a Less Translated Language.” Most recently, he published a book of poems in Haitian Creole, Omega (2012).

“Dapre jan Michel Rolph-Trouillot pale sou fason lang kreyòl la devlope a, sa montre bon jan nivo kreyativite ki te egziste kay zansèt nou yo. Nan sans sa a, nou kapab di se vre kò zansèt nou yo te anchennen, men lespri yo pa te anchennen. Se gras a lespri yo san nou pa wete lespri ki te marande nanm yo yonn ak lòt, zansèt nou yo te vin rive kominike pou devlope yon nivo konsyans, yon zouti kominikasyon jouk yo rive kase chenn esklavaj la. Depi yo fin mete lang Kreyòl la kanpe, lang sa a, tankou tout lang, pa janm bouke transfòme nan kontak li ak lòt lang san chapant lan pa janm kase menm lè li te (toujou) anba pèsekisyon (jiridik, sosyal, lengwistik). Se vre, akoz enfliyans yon move sistèm lekòl, ou rive jwenn anpil moun ki kwè yon kreyòl fransize se bon jan metsin pou rive depatcha sentaks lang lan pou pase pou konnen nan yon sosyete kote konesans egal pale franse. E tou sa, se paske majorite entelektyèl ayisyen refize fè jefò pou ale nan rasin lang yo pale a pou kontinye kreye nan lang lan menm dapre resous leksikal lang lan genyen. Si zansèt yo te rive plòtonnen lang kolon yo nan yon ekip lang afriken pou kreye lang pa yo, jounen jodi a nou-menm jenerasyon k ap travay sou lang lan nou ta dwe plòtonnen nou ak lang nou (kreyòl) plis pou nou rive fè li jwenn plas li tout bon vre nan sosyete a. Kon sa, nou va vreman itilize lang lan kou yon zouti reyèl pou rale tout moun ansanm, antan n ap pwofonde li pou nou ekipe l ak materyèl tout kalite pou pèp ayisyen an jwenn bon jan edikasyon.”

“Sou koze relijyon an, se menm aktivite a zanzèt nou yo te fè pou mete l kanpe. Men, vodou a pran plis frap pase lang lan paske nan tout istwa peyi a, ou pa janm jwenn yon kanpay sistematik ki te fèt kont lang kreyòl la tankou jan sa te ye sou gouvènman Elie Lescot. Koukouwouj dèyè vodou a toujou kontinye sou yon fòm oswa yon lòt chak dimanch nan diferan lotèl legliz. Se vre pa gen okenn lang, okenn relijyon ki miyò pase lòt nan nannan yo, men fason moun ki gen pouvwa, moun k ap ekri pale sou sijè sa yo kapab fè yo pase pou pi move zouti, espesyalman nan yon peyi tankou Ayiti kote majorite entelektyèl ayisyen yo te fòmate pou asepte pran tout kontinan pou referans, esepte Lafrik. Si nou tounen byen lwen nan listwa, nou ka wè, tankou Trouillot di li a, zansèt nou yo rive gen de gwo batay sou kolon etranje yo (kanpe kreyòl ak vodou), men wout ki rete pou fè yo chita nan sosyete a lwen anpil paske sèvo ajan entelektyèl k ap moulinen diskou sou Ayiti yo antòtiye nan chenn oksidantal la. 

Pou fini, batay la dwe kontinye, men estrateji pou mennen batay la pa ko klè paske majorite espè ki chita lakay kou etranje prefere lese frape antre yo pou wè kilès k ap jwenn plis vizibilite nan je oksidan pase yo gonfle ponyèt yo ansanm pou konstwi yon diskou ki pòtre nannan yo tout bon vre. Se klè, espè nou yo douvan yon seri kalite fòs ki fòse yo chwazi de fòm diskou, yonn ki nan liv, men ki pi souvan moule nan grèk oksidan an, epi lòt la, se yon diskou oral ki pi pre reyalite y ap viv tout bon vre a. Men, yo blije kache vre diskou a nan lapawoli akoz presyon akademik y ap viv la wo sou yo. Kon sa, yo pòtre kou yon Simbi an de zo afòs diskou yo ak sa yo kwè ladan tout bon vre a pa matche. Kon sa, moulen oksidantal la bwè yo paske bèl bonjou pa voye nan mache.”